18
Thanksgiving in Haitian Creole:
Creolizing Thanksgiving and the Turkey,
Tonmtonm, the Breadfruit Story and Haitian Meat Recipes

Thanksgiving - Jou Aksyon-n Gras Ameriken - Días de Gracias
Thanksgiving se jou aksyon-n gras ameriken. Thanksgiving kòmanse nan lane 1621. Kolon anglè reyini nan Plymouth Rock pou yo di Bondye mèsi pou premyè rekòt yo. Pèleren yo òganize yon gwo fèt ak manm tribi Wampanoag yo ki pa-t kite yo mouri grangou pandan ivè ane pase.
Ameriken kontinye obzève epi fete fèt thanksgiving lè yo kapab. Men, an 1863, Prezidan Abraham Lincoln te etabli Thanksgiving tankou fèt ofisyèl peyi etatzini. Se pa yon fèt pou peyi dAyiti. Se tankou fèt 2 Janvye an Ayiti kote tout moun manje anpil. Ayisyen k-ap viv ozetazini fete-l tankou tout lòt Ameriken.
Sa-k fè moun renmen Thanksgiving anpil konsa, se paske-l s-on fèt ki santre-l plis sou manje, tout kalite manje. Gen moun ki rele-l fèt kodin! Ameriken, rich ou pòv, sipoze manje yon mòso vyann kodin. Menm Prezidan peyi-a manje kodin tou. Tankou yon jès, li padone yon kodin. Pòv ak moun ki pa gen kay manje nan sant san abri yo ak kwizin ki sèvi soup gratis.
Ki lòt bagay nou manje pandan jou aksyon-n grass a-a?
Si nou pa manje kodin, nou ka manje kana (duck), vyann chevrèy (venison), oswa vyann kochon, janbon. Nou manje manje nou jwenn nan nouvo mon-n tankou mayi, pwa, joumou, sòs kannbèj (cranberry), yanm blan oubyen yanm jòn. Ameriken konnen patat sèlman.